FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Move nouvèl pou ajantin pandan rete sèlman 5 jou pou Mondyal la demare

imaj atik la

06 jen 2026   Benswilkenson Jean   1975

Mondyal 2026 la pa lwen pou demare, seleksyon nasyonal peyi Ajantin lan pèdi yon jwè ki ta pral jwe Mondyal pou premye fwa.


Leonardo Balerdi ki gen 27 lane p ap jwe Mondyal 2026 la akoz yon blesi li pran nan antrènman ak seleksyon Ajantin lan nan vil Tekzas.

Jwè 27 lane a ki t ap patisipe pou premye fwa nan Mondyal ak seleksyon ajantin lan finalman wè rèv la pati kite l. Balerdi pran blesi sa a nan molè janm dwat li nan dènye antrènman ak albiceleste yo ki ap prepare match amikal kont Onndiras la.

Daprè dènye enfòmasyon yo defansè Olympique Marseille la pral pase anviwon yon mwa deyò tèren akoz blesi sa. Ajantin ap jwe premye match li nan Mondyal la nan dat 18 jen ki ap vini la. Balerdi bò kote pa l ap tann Mondyal 2030 lan pou konnen si li ap kapab reyalize rèv sa a ki se jwe Mondyal ak seleksyon nasyonal Ajantin lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )