ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Manchester City kole nan do Arsenal nan Premier League la

imaj atik la

02 novanm 2025   Benswilkenson Jean   662

Malgre kòmansman sezon an pa t dous pou Manchester City, yo rive kontwole sitiyasyon an epi monte nan dezyèm plas klasman an aprè 10 jounen boul.


Nan kad 10èm jounen Premier League la, Manchester City pran okazyon li te genyen pou monte nan dezyèm plas klasman an. Cityzens yo al konfime sa nan Etihad Stadium lan sou pwòp tèren yo lè yo bat Bournemooth 3-1.

Bèl viktwa sa se reyalizasyon atakan nòvejyen an Haaland ki make 2 gòl ak O'Reilly ki te make lòt gòl la ou pèmèt Cityzens yo kole la nan do Gunners yo nan Premier League la.

Viktwa sa mete Manchester City nan dezyèm plas la ak 19 pwen nan do Arsenal ki nan tèt klasman an ak 25 pwen aprè 10 jounen boul.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )