ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

Al-Ahli fè yon eksplwa anplis pou kontinye mete presyon

imaj atik la Kredi Foto: @Al-Ahli

7 mas 2026   Neuvième Junior   1005

Gras ak yon bon pèfomans Riyad Mahrez, Ivan Toney e Albrikan ki bitè fas Tig yo, Al-Ahli ajoute yon 14èm viktwa sou 15 dènye match yo jwe nan chanpyona Sawoudyen an.


Gras ak yon bon pèfomans Riyad Mahrez, Ivan Toney e Albrikan ki bitè fas Tig yo, Al-Ahli ajoute yon 14èm viktwa sou 15 dènye match yo jwe nan chanpyona Sawoudyen an.

Pou match 25èm jounen Saudi Pro League la, Al-Ahli te gen randevou ak rival li Al-Ittihad pou dèbi Djeddah. Nan match chòk jounen sila, vèt yo te konte sou Riyad Mahrez, Ivan Toney ak yon lòt koyekipye, pou fè 14èm viktwa yo e kontinye mete presyon sou Al-Nassr.

Anvan rankont sa ki fini (3-1) an favè koyekipye Riyad yo, Al-Ahli te okipe dezyèm plas la dèyè Al Nassr. E aprè viktwa sa yo fè kont rival yo nan dèbi an, vèt e blan yo tounen reprann premye plas la pandan Al-Nassr pako jwe match 25èm jounen an. Al-Nassr ki ap gen pou jwe pita, gen obligasyon pou bat advèsè pa l lan, pou l kapab tounen nan tèt klasman an.

Nan rankont anime sa, ekip Al-Ahli a ki pa swete kanpe nan kous la, te gen obligasyon pou mete do jòn e nwa yo atè pou kontinye rete nan pozisyon ki kapab ba yo tit chanpyon Arabi Sawoudit sezon 2025-2026 la.

Al-Ahli k ap fè mèvèy nan chanpyona a pou moman an sou 15èm rankont san defèt yo. Ladann, klèb la te fè yon match nil (1-1) fas Al-Hilal. Pou nou rive jwenn dènye defèt Franck Kessié ak koyekipye li yo nan SPL lan, fòk nou ta retounen nan dat 26 desanm 2025 lè yo te tonbe (2-1) an deplasman lakay Al-Fateh. Depi lè sa, ekip la pako janm pèdi yon match nan chanpyona a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou