ALMAYBundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt
AKÈY ALMAY Lòt

Lòt

Jamal Musiala fè de malèz nan twa jou: enkyetid pou vedèt Bayern Munich la

imaj atik la

19 dawout 2026   Steve Pierre   816

Jamal Musiala, jèn atakan Bayern Munich ak seleksyon Almay la, bay anpil moun kè sote aprè li te fè de (2) malèz nan mwens pase yon semèn pandan match preparasyon Bayern yo anvan sezon 2026-2027 la.


Samdi 15 dawout 2026 la, pandan match amikal Bayern kont RB Leipzig nan kad Telekom Cup la, Musiala tonbe britsoukou atè nan 83èm minit, san okenn kontak ak yon advèsè. Tanperati a te rive nan 33 degre nan vil Minik jou sa. Kamarad ekip li yo, tankou Ismael Saibari, te kouri rive bò kote l pandan ekip medikal la t ap antre sou teren an pou pran swen li. Apre kèk minit, li te reprann konesans li, leve sou pwòp pye li epi kite teren an.

Aprè match la, direktè espòtif Bayern Munich la, Max Eberl, te eseye rasire piblik la. "Li byen, e se sa ki pi enpòtan," li te deklare. Nan premye moman yo, anpil moun te panse gwo chalè a te ka lakòz malèz la.

Men ayè madi 18 dawout 2026 la, menm sitiyasyon an te repete pandan yon lòt match amikal kont FC Heidenheim. Musiala te antre nan jwèt la nan 61èm minit nan plas Ismael Saibari, men sèlman sis (6) minit aprè, li tonbe ankò nan mitan tèren an. Jonathan Tah ak Harry Kane te prese rive bò kote l, pandan jwè de ekip yo te fòme yon sèk pou kite ekip medikal la entèvni rapidman.

Aprè rankont la, Musiala te bay kèk eksplikasyon sou sa k ap pase l. Daprè li, doktè yo fè konnen li gen yon pwoblèm nan sistèm nève li ki lakòz epizòd sa yo, yon sitiyasyon li fè konnen ki kapab trete fasil.

Malgre de malèz sa yo nan yon peryòd twa jou sèlman, vedèt alman an rete pozitif. "Sa k ede m plis nan moman sa a, se kontinye kouri dèyè viktwa ak twofe yo ansanm ak ekip mwen an, ak gwo sipò nou ban mwen an," li te ekri nan yon mesaj pou sipòtè yo.

Epizòd sa yo rive aprè yon peryòd ki te deja difisil pou Musiala. An jiyè 2025, li te sibi yon blesi grav aprè yon chòk ak gadyen PSG a, Gianluigi Donnarumma, pandan Mondyal Klèb yo. Blesi sa a te fòse l rate premye sis mwa sezon 2025-2026 la. Nan mwa jiyè 2026, li te sibi tou yon ti operasyon woutin ki te fè pati swivi medikal li aprè blesi sa a.

Kounye a, tout je fikse sou egzamen medikal siplemantè yo ak evalyasyon doktè yo, pandan Bayern Munich ap espere jwè a kapab reprann aktivite nòmal li epi disponib pou premye match ofisyèl sezon an, Sipèkoup Franz Beckenbauer kont Borussia Dortmund, 22 dawout 2026 k ap vini la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )