Danley Jean Jacques kontinye fè diferans nan MLS la. Mitan teren ayisyen an make nan viktwa 3-2 Philadelphia Union sou New York City FC, ayè dimanch 16 dawout la , nan 20èm jounen chanpyona a. Danley Jean Jacques te make gòl la nan 48èm minit pou relanse Philadelphia, yo t ap mennen 2-0 sou anvan yo fè remontada a.
Avèk nouvo reyalizasyon sa, Danley Jean Jacques fè 3 gòl nan MLS pou sezon 2026 la, menm kantite li te make pandan tout sezon pase a. Anvan match sa, li te deja gen 2 gòl nan 17 match daprè estatistik ki te disponib anvan rankont lan.
Pou sezon an, Ayisyen an kontinye jwe yon wòl enpòtan nan mitan teren Philadelphia Union, kote li deja jwe 18 match, li fè 3 gòl epi li kontinye ogmante kantite minit li sou teren an. Gòl kont NYCFC a montre tou kapasite li pou pote kontribisyon ofansif malgre wòl li prensipalman defansif nan mitan tèren an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou