ALMAYBundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt
AKÈY ALMAY Lòt

Lòt

Aprè de malèz nan twa jou, Bayern Munich pran yon gwo desizyon pou Musiala

imaj atik la

21 dawout 2026   Steve Pierre   812

Bayern Munich deside pa pran okenn risk ak Jamal Musiala aprè de (2) malèz li te fè sou teren an nan espas twa (3) jou. Daprè plizyè medya alman, vedèt bavawa a p ap fè pati gwoup la pou gwo afich Sipèkoup Almay la kont Borussia Dortmund, ki pral jwe demen samdi a.


Desizyon an vini aprè yon semèn ki te bay anpil enkyetid nan kan chanpyon Almay yo. Jou ki te 15 dawout la, Musiala te tonbe pandan yon match amikal kont RB Leipzig. Twa jou aprè, li te fè yon lòt malèz pandan yon viktwa (4-2) sou FC Heidenheim. Nan toude ka yo, jwè a te tonbe sou teren an kèk minit sèlman aprè li te antre nan jwèt la.

Daprè laprès alman, antrenè a Vincent Kompany ta dwe konfime absans jwè 23 lane a pandan konferans pou laprès ki pwograme pou jodi vandredi a, yon jou anvan rankont lan. Objektif la se pèmèt Musiala repoze epi evite nenpòt risk anvan kòmansman sezon an.

Malgre sèn yo ki te fè anpil moun pè, entènasyonal alman an te rasire sipòtè yo atravè yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal yo. Li eksplike doktè yo dyagnostike lakay li kèk epizòd kout ak pasajè ki gen rapò ak yon dereglaj nan sistèm nève li, yon pwoblèm li fè konnen ki fasil pou trete.

"Premyeman, mwen byen. Mwen konnen anpil nan nou enkyete. Mwen vle kalme enkyetid sa yo. Yo dyagnostike m ak epizòd absans ki kout ak pasajè, ki fasil pou trete epi ki sòti nan yon dereglaj newolojik," se sa Musiala te ekri.

Jwè Bayern lan fè konnen li an kontak regilye ak espesyalis medikal yo epi li resevwa otorizasyon newològ li yo pou kontinye aktivite li yo pandan pwosesis retablisman an. Li ajoute li santi l byen e li kwè li sou bon chimen pou retounen nan pi bon fòm li.

Selon enfòmasyon ki disponib yo, Bayern Munich espere Musiala ap kapab retounen nan konpetisyon an pou premye jounen Bundesliga a semèn k ap vini la, si tout evalyasyon medikal yo kontinye bay rezilta pozitif.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )