ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY LaLiga

LaLiga

Mariano Diaz sanble pa vin pou lapè sezon sa

imaj atik la

21 dawout 2026   Gamarck Antoine   709

Mariano Díaz kontinye konfime bèl retou li nan Liga a. Atakan dominiken an make yon dezyèm fwa youn aprè lòt, fwa sa nan yon match nil 1-1 kont Rayo Vallecano, nan kad dezyèm jounen sezon 2026-2027 la.


Apre yon premye match ekstrawòdinè kont Getafe, kote li te make yon gòl epi bay de pas desizif, Mariano te kòmanse ankò sou ban kont Rayo Vallecano. Men, antre li sou teren an te yon lòt fwa ankò pote anpil bagay pou Alavés.

Rayo te pran devan gras ak Sergio Camello, men Mariano pwofite yon erè defansiv pou l egalize nan fen match la. Gòl sa pèmèt Alavés kite teren an ak yon pwen epi rete san defèt aprè de premye jounen chanpyona a.

Avèk de gòl epi de pas desizif nan de premye match li yo, Mariano deja montre li kapab jwe yon wòl enpòtan nan sezon Alavés la. Aprè plizyè ane difisil, atakan an sanble jwenn yon nouvo souf nan foutbòl li.

Pou yon jwè ki t ap chèche relanse karyè li, kòmansman sa se yon siyal fò. Mariano Díaz poko di dènye mo li nan Chanpyona espayòl la .

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )