AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Ouanaminthe FC lanse deteksyon epi pare pou reprann antrènman

imaj atik la Kredi Foto: @Facebook Ouanaminthe FC

18 dawout 2026   Steve Pierre   1937

Ouanaminthe Football Club (OFC) anonse òganizasyon yon estaj deteksyon pou jèn foutbolè ki vle entegre ekip la, pandan li envite tou tout jwè ki te anrejistre pandan sezon 2025-2026 la pou reprann antrènman nan kad preparasyon pou sezon 2026-2027 la.


Daprè yon avi ofisyèl klèb la pibliye, estaj deteksyon an ap fèt pandan twa (3) jou, soti 19 pou rive 21 dawout 2026 la, nan Pak Notre Dame, vil Ouanaminthe, apati 9è nan maten. Aktivite sa a vize idantifye nouvo talan ki kapab ranfòse fòmasyon nòdwès la pou defi k ap vini yo.

Direksyon OFC a mande tout kandida yo pou yo prezante ak ekipman foutbòl yo, tankou soulye ak rad espòtif, epi rive omwen 15 minit avan kòmansman sesyon yo. Jèn yo dwe disponib pandan tout lè aktivite yo ap dewoule.

Anplis deteksyon an, klèb la konfime tou repriz antrènman ekip prensipal la. Tout jwè ki te enskri pou sezon 2025-2026 la gen randevou lendi 24 dawout 2026, toujou nan Pak Notre Dame nan, pou lanse preparasyon pou nouvo sezon Lig Ayisyèn Foutbòl la.

Nan mesaj li pibliye sou rezo sosyal yo, OFC montre detèminasyon li pou abòde nouvo kanpay la ak anpil anbisyon. “Yon nouvo sezon kòmanse. Nouvo defi ap tann nou. Kapitèn yo tounen nan travay,” se pawòl klèb la itilize pou anonse retou ekip la sou teren an.

Aprè plizyè semèn ap tann repriz aktivite foutbòl yo nan peyi a, Ouanaminthe FC sanble deja mete tèt li nan travay pou konstwi yon ekip konpetitif pou sezon k ap vini an, menm si anyen poko di sou ouvèti a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )