AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Malgre yon defèt, avanti an ap kontinye pou Grenadye U-14 yo nan Punta Cana

imaj atik la Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)

19 Dawout 2026   Jacky Chéry   1039

Pou dènye match faz gwoup nan CFU Challenge Series la, seleksyon nasyonal ayisyèn U-14 la tonbe kont Pòtoriko (0-1). Malgre yon bon pèfomans pou Grenadye yo, Ayiti pèdi, men kontinye vanse nan konpetisyon an pou demifinal.


Aprè 3 jounen boul san kanpe, seleksyon Jean-Marc Alexandre ak Charles Hérold Jr ap dirije a fini faz gwoup lan malerezman sou yon move rezilta. Grenadye U-14 yo ki te kontwole yon bon pati nan match la, pèdi fas Pòtoriken yo sou yon gòl yo pran nan dezyèm mitan.

Avèk yon konpozisyon remanye, plizyè Grenadye ki pa t jwe twòp nan 2 premye match yo te gen opòtinite montre talan yo nan match sa ki pratikman pa t gen twòp anje. Grenadye yo te deja asire yo y ap fini nan premye plas la.

N ap raple, Ayiti te rantre nan konpetisyon an avèk yon viktwa 5-2 kont Giyàn Fransèz, avan l ta pral korije Trinidad 4-1. Avèk 6 pwen sou 9, Ayiti fini premye nan gwoup la, devan Trinidad ki fini dezyèm epi Pòtoriko ki fini nan twazyèm plas la.

Grenadye U-14 yo pral gen pou repoze pandan jounen demen jedi an, annatandan demifinal la vandredi k ap vini la kont Repiblik dominikèn. Nan lane 2021 ak 2022, Ayiti te chanpyon konpetisyon sa 2 fwa youn aprè lòt.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )