Pou sezon sa ki apèn demare an, João Félix gen yon trè bon rit. Fason l byen kòmanse a, montre li sanble pare pou pran plis responsabilite nan atak Al Nassr la.
Nan premye jounen Saudi Pro League la, Al Nassr te bat Al Fateh 3-0 avèk yon João Félix desizif. Pou rankont sa li te jwe yon wòl enpòtan nan premye viktwa nouvo antrenè klèb la Ange Postecoglou.
Félix ap pran plas li kòm youn nan lidè atak la
Sa ki pi enteresan, se fason Félix antre nan sezon an. Avèk absans Cristiano Ronaldo nan premye match la, presyon an te tonbe plis sou li pou pote kreyativite ak danje devan gòl la. Li te reponn prezan ak yon gòl li te montre kapasite l pou kreye aksyon poukont li.
Nan Koup Arabi a kont Al-Diriyah, Félix te kontinye briye. Pòtigè a te patisipe dirèkteman nan plizyè aksyon danjere e fini match la ak 2 gòl epi yon pas desizif, daprè rapò match sa ki te fini 4-1.
Sa li reprezante pou Al Nassr
Félix antre nan nouvo sezon an ak yon gwo baz deja. Nan sezon 2025-26 la, li te fini ak 20 gòl e 13 pas gòl nan 33 match Saudi Pro League, sa ki te fè li youn nan jwè ki pi pwodiktif ekip la. Li te menm fini kòm pi bon pasè desizif nan lig la.
João Félix pa sèlman ap kòmanse sezon an byen; li sanble ap antre nan yon nouvo etap kòm yon gwo referans ofansif pou Al Nassr. Aprè yon premye sezon kote li te kontribiye ak 20 gòl plis 13 pas gòl, pou kòmansman sezon sa li montre li kapab vin youn nan jwè ki pi enpòtan nan pwojè Ange Postecoglou a.
Al Nassr jwenn yon Félix ki sanble pare pou fè gwo bri ak 3 gòl e yon pas pou kòmansman sezon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou