Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Avèk yon dezyèm defèt konsekitif nan chanpyona Arabi Sawoudit la, Al Nassr ki tonbe kont Al-Qadsiah sou eskò 2-1 an, konfime feblès ekip la genyen nan koze rezilta. Chit sa rive nan kad 14èm jounen Lig Sawoudyen an kote klèb CR7 la te dwe fè tout posib pou genyen match sa epi espere bat yon rekò chanpyon sezon 2023-2024 yo te mete.

Aprè defèt sa nan 14èm sòti jòn yo te fè kont Al-Ahli sou eskò 3-2 a ajoute sou nil 2-2 kont Al-Ettifaq la, kriz sa ekip la ap konnen an, rive afekte anbisyon yo pou sa ki gen pou wè ak rezilta sezon sa. Fas sitiyasyon sa, jounal Ar-Riyadiyah konfime ofisyèlman Al-Nassr p ap kapab egale oubyen bat rekò Al-Hilal te mete a pandan sezon 2023-2024 la sou lòd Jorge Jesus.
Jounal la avanse pou eksplike, Al-Nassr p ap rive fè 94 pwen, menm si yo ta ranpòte tout match ki rete nan Saudi Pro League la, 3 echèk sa yo ap anpeche sa.
Men, Al Hilal kote pa l gen posiblite pou egale ou depase pwòp rekò l si li ranpòte tout pwochen match li yo. Lè sa, klèb la ap fè 98 pwen nan fen sezon an.
Ble yo ki te genyen 3-0 Kont klèb Al Hazem lan pandan 14èm jounen an, ranfòse tèt yo nan premye plas la.
Pou kounya, gran piblik la rete ap tann match chòk 15èm jounen an ant Al-Nassr ak Al-Hilal. Chòk sa ap jwe lendi nan estad Kingdom Arena.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou