Kredi Foto: @AFP via Getty Images
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Yon gwo polemik pete nan Saudi Pro League la aprè Ivan Toney leve vwa li pou denonse desizyon abitraj li konsidere kòm enjistis. Aprè match nil Al-Ahli fè ak Al-Fayha ayè, atakan anglè a ak lòt jwè ekip li a pa kache kòlè yo kont sa yo rele yon sistèm ki ta ap favorize Al-Nassr ak Cristiano Ronaldo nan kous pou tit la.
Tansyon an monte wo nan chanpyona Arabi Sawoudit la aprè Al-Ahli fè match nil (1-1) kont Al-Fayha, yon rezilta ki mete ekip la nan twazyèm plas, kat (4) pwen dèyè Al-Nassr ki toujou gen yon match an reta. Men, plis pase rezilta a, se desizyon abit la ki mete dife nan poud la.
Ivan Toney, ki make 27èm gòl li sezon an, pa t kache fristrasyon li aprè match la. Daprè li, gen omwen de (2) penalite klè ki pa t sifle an favè ekip li a.
« Pi gwo sijè a se de (2) penalite yo, sa klè tankou dlo kòk » atakan an deklare. Li ajoute li pa konprann kijan abit la pa pran desizyon sa yo, menm lè gen aksyon kote jwè pran boul la ak de (2) men.
Atakan an fè konnen tou lè yo te eseye pale ak abit la, li te mande yo pou yo konsantre sou Champions League AFC a olye de match la menm, yon repons ki choke anpil moun.
Lè yo mande Toney kiyès ki benefisye de sitiyasyon sa yo, li reponn ak yon ti ri : « Nou tout konnen kiyès... » Yon deklarasyon ki sanble vize dirèkteman Al-Nassr ak vedèt li Cristiano Ronaldo.
Toney ale pi lwen pou li denonse sa li konsidere kòm yon chanjman nan fason yo jere desizyon yo pandan moman ki pi enpòtan sezon an. Li menm rive pibliye videyo sou rezo sosyal pou montre aksyon li estime ki ta dwe bay penalite, pandan li fè konnen gen bagay ki pa klè ditou nan fason yo ap jere match yo.
Sitiyasyon an vin pi grav lè yon lòt jwè Al-Ahli, Galeno, antre nan polemik la. Nan yon mesaj li poste sou rezo sosyal, li akize lig la dirèkteman dèske li ta vle bay tit la bay yon sèl moun.
« Bay yo twofe a dirèk, se sa yo vle. Yo vle mete nou deyò nan batay la pa nenpòt mwayen. Yo vle bay yon sèl moun twofe a. Se yon mank respè total pou klèb nou an », li ekri.
Reyaksyon jwè yo mete aksan sou gwo tansyon ki egziste kounye a nan Saudi Pro League la, sitou pandan sezon an ap rive nan dènye liy dwat li.
Pou soutni jwè li yo, direksyon Al-Ahli pran pozisyon tou. Nan yon kominike ofisyèl, klèb la eksprime jan li fache, epi mande pou yo rann piblik anrejistreman odyo VAR yo. Dirijan yo vle konprann poukisa desizyon sa yo te pran epi poukisa gen deklarasyon ki pa gen plas yo nan yon match ofisyèl.
Al-Ahli estime erè abitraj yo gen yon enpak dirèk sou rezilta match la ak sou plas ekip la nan klasman an, epi yo mande plis transparans nan fason yo chwazi ak jere abit yo.
Avèk tansyon k ap monte ak akizasyon ki vin pi grav chak jou, fen sezon Saudi Pro League la anonse cho anpil, pandan presyon an ap ogmante sou Al-Nassr pou li ranpòte premye tit li nan epòk Cristiano Ronaldo a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou