Kredi Foto: @Al-Hilal
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Avèk yon gwo Karim Benzema ki sòti nan silans li sou tèren, Al-Hilal ki t ap resevwa, fè yon sèl bouche (4-0) ak Al-Najma, nan match ki konte pou 25èm jounen Saudi Pro League la.
Avèk yon gwo Karim Benzema ki sòti nan silans li sou tèren, Al-Hilal ki t ap resevwa, fè yon sèl bouche (4-0) ak Al-Najma, nan match ki konte pou 25èm jounen Saudi Pro League la.
Kòm abitid, ble yo souvan make anpil gòl nan chak match yo jwe. Pandan jou pase yo, ekip la te fè konesans ak yon moman feblès ki pa t nan avantaj li. Aprè gwo viktwa (5-3) yo te fè sou pelouz Al-Shabab la semèn pase, pwoteje Simone Inzaghi yo fè tande bri yo nan fè filè a tranble.
Atakan fransè a ki pa t janm make ak nouvo klèb li a depi lè l te fè 3 gòl nan premye match li sou koulè Al-Hilal, ofri tèt li 2 gòl fas antèn wouj la Al-Najma. Malcom ak Sergej Milinković-Savić enskri 2 lòt gòl yo pou konplete tablo a epi kraze advèsè a 4-0.
An twazyèm pozisyon nan klasman an, Al-Hilal 61 pwen, gen menm kantite pwen ak Al-Nassr ki dezyèm ak yon match an mwens. Al-Ahli kote pa l konte yon grenn pwen anplis chanpyon an tit yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou