Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Lendi 22 ak madi 23 desanm, Ligue des Champions Azyatik la te kontinye fè chimen li san pwoblèm. E nan rankont planifye yo, 3 klèb Arabi Sawoudit yo te nan randevou a pou jwe 6èm match yo nan konpetisyon sila. E gras ak dominasyon yo, klèb Arabi yo enpoze yo fas advèsè ki te anfas yo.
Lendi 22 ak madi 23 desanm, Ligue des Champions Azyatik la te kontinye fè chimen li san pwoblèm. E nan rankont planifye yo, 3 klèb Arabi Sawoudit yo te nan randevou a pou jwe 6èm match yo nan konpetisyon sila. E gras ak dominasyon yo, klèb Arabi yo enpoze yo fas advèsè ki te anfas yo.
Nan lendi, Al-Ahli te gen pou kontre ak Al Shorta nan estad Zawra Stadium, ki gen baz li Bagdad. An absans pilye ekip la Franck Kessié, Al-Ahli fè senk dwèt men l leve nan figi Al Shorta ki pa t kapab anpeche (5-0) sa malgre yo te gen avantaj tèren an. Moun ki pa manke okazyon pou frape men nan figi klèb la se Roger Ibanez 31èm, I. Toney 56èm, Wenderson Galeno 73èm, Saleh Abu Al-Shamat 81èm epi Ziyad Al-Johani 86èm.
Nan lòt rankont lan, lidè C1 Azyatik la Al Hilal, al konnen yon kout viktwa (1-0) an deplasman ka Al Sharjah gras ak sèl bitè pati a, Malcom ki te make nan 81èm minit. Avèk 3 bèl pwen sa, ble yo ki pa t gen prezans Coulibaly rete nan tèt klasman an ak 18 pwen aprè 6 jounen ak 6 viktwa.
Aprè chanpyon an tit la ak lidè konpetisyon an te fin fè devwa pa yo, Al-Ittihad klèb oblije remèt desten ekip la bay Karim Benzema ki fè tout fanatik yo plezi nan 57èm minit, ak yon gòl ki pèmèt yo fè 3 pwen an pou okipe 6èm plas la ak 9 pwen. Si yo kenbe pozisyon sa jiska 8èm jounen Ligue des Champions Azyatik la, gen posiblite pou yo fini nan top 8 la, sa ki ap fè 3 klèb k ap evolye nan SPL la kalifye pou pwochen etap la.
Avèk yon viktwa pou chak ekip sa yo, klèb Arabi Sawoudit yo pral kontinye avanse ak chanpyona a nan wikenn sa aprè poz yo te pran. E 3 klèb sa yo gen randevou pou dispite 10èm jounen Saudi Professionnal League la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou