Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Al Nassr pran yon viktwa enpòtan (1-0) kont Al Ettifaq nan Saudi Pro League la, men se sitiyasyon Cristiano Ronaldo nan fen match la ki plis fè pale pase rezilta a.
Nan kad 29èm jounen an, Al Nassr te oblije batay di anpil pou jwenn viktwa sa a. Sèl gòl match la soti nan pye Kingsley Coman, ki te fè diferans lan malgre yon kantite okazyon ki pa t abouti. Ronaldo li menm pa t gen chans, li menm frape boul sou poto a pandan li t ap chèche fè gòl nan match la.
Men, moman ki plis make match la rive nan fen li. Nan 89èm minit, Ronaldo kite plas li pou Abdullah Al-Hamdan. Yon chanjman ki pa t pase konsa konsa.
Aprè li sòti, Ronaldo pran direksyon vestyè a dirèk, san li pa rete ak koyekipye li yo sou ban an, ni pou selebre viktwa a ak yo lè match la fini jan sa abitye fèt la. Yon aksyon ki pa nan abitid li, ki fè anpil moun panse li te fristre, swa paske li pa t make, swa paske yo te ranplase li nan fen match la.
Men, Jorge Jesus, antrenè a, te prese klarifye sitiyasyon an devan laprès la. Dapre li, Ronaldo pa t byen fizikman.
« Li te santi kranp nan lestomak li. Li te jwe tout dezyèm mitan an ak malèz la epi li te vle kontinye, men aprè li sòti a, li antre nan vestyè a dwat epi li vomi. »
Malgre tout sa, Ronaldo pa t bliye salye viktwa ekip li a. Sou Instagram, li te poste yon mesaj senp men klè: « +3. Gwo bout tonton anbyans nan estad la ».
Pou Al Nassr, viktwa a rete esansyèl, epi kous pou tit la ap kontinye san ralanti.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou