AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Tempête FC : Lionel D'Mezza remèt demisyon li

imaj atik la

8 jen 2026   Steve Pierre   851

Nan yon nòt pou laprès ki pibliye ayè dimanch 7 jen 2026 la, Tempête Football Club anonse demisyon prezidan li, Lionel D'Mezza, apre plizyè lane kote li t ap dirije ekip la.


Nan mesaj li a, ansyen prezidan an fè konnen desizyon sa a pran nan enterè klèb la ak pou pèmèt yon nouvo komite egzekitif kontinye travay pou devlopman ak estabilite enstitisyon an. Li pwofite fè yon ti bilan sou pasaj li nan tèt Tempête FC, pandan li mete aksan sou pwogrè ekip la reyalize, sitou nan dezyèm faz chanpyona a ki sot pase a.

Lionel D'Mezza remèsye tout moun ki te akonpaye l pandan pasaj li a, espesyalman manm direksyon an, sipòtè yo, laprès espòtif la ak kolaboratè li yo. Li te gen yon mo espesyal pou Merry Romeus, youn nan vis-prezidan klèb la, pou sipò li te ba li pandan peryòd ki te pi difisil yo.

Malgre anons demisyon an, Tempête FC poko bay plis detay sou rezon ki dèyè depa prezidan an ni sou moun ki pral ranplase l nan tèt klèb la. Daprè nòt la, eleksyon Komite Egzekitif la pwograme pou fèt 10 jen 2026 k ap vini la.

Ak depa Lionel D'Mezza, se yon nouvo chapit ki louvri pou fòmasyon Bèl Kolòn nan, pandan sipòtè yo ap tann pou konnen kiyès ki pral pran destin ekip Senmakwa a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )