AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Real Sociedad entèrese ak yon jèn talan ayisyen

imaj atik la

27 fevriye 2026   Steve Pierre   56

Jèn talan ayisyen an Emerson Laissé kontinye fè bri sou sèn foutbòl entènasyonal la. Daprè enfòmasyon jounalis italyen an, Matteo Moretto, ki kolabore ak jounal espòtif panyòl Marca, klèb panyòl la, Real Sociedad, ap swiv evolisyon jèn atakan an ki gen sèlman 16 lane.


Klèb ki baze nan vil Bask yo ta ranfòse enterè li pou Emerson Laissé apre pasaj jwè a, nan mwa desanm pase a, nan sant fòmasyon Real Sociedad la, Zubieta. Pandan pasaj sila, jèn ayisyen an te patisipe nan plizyè sesyon antrènman ak ekip jèn klèb la, yon etap ki souvan kle nan evalyasyon talan etranje yo.

Emerson Laissé ki fèt nan lane 2009, yo konsidere li kòm youn nan pi gwo espwa foutbòl ayisyen an, bò kote mesye yo. Entènasyonal U17, li te jwe yon wòl enpòtan nan kalifikasyon Ayiti pou Koup Dimond U17 2025 lan, sa ki ogmante vizibilite li ni nan zòn Karayib la ni sou plan Mondyal.

Malgre laj li, Emerson Laissé te patisipe tou nan yon match seleksyon ayisyèn U20 yo kont Angiya pandan semèn nan, sa ki montre konfyans estaf teknik nasyonal la mete nan li. Avansman rapid sa a pwouve matirite li sou plan espòtif ak gwo potansyèl devlopman li genyen.

Pèfòmans jèn atakan an pa kite sèlman Real Sociedad endiferan. Lòt gwo klèb ewopeyen yo ta montre enterè tou pou jèn jwè a, ki ap evolye ak Mount Pleasant Academy, nan lakou Jamayik.

Mondyalis U17 2025 epi deja kalifye ankò pou yon lòt Koup Dimond U17 lane sa a, Emerson Laissé kontinye enpresyone. Si transfè a ta rive fèt, sa ta ka reprezante yon gwo pa nan karyè li epi yon fyète pou foutbòl ayisyen an, sitou si Real Sociedad rive siyen jèn bijou sa a.

Anpil moun deja ap mande èske se p ap nouvo Melchie Dumornay a bò kote mesye yo?

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou