UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA Lòt

Lòt

Kairat Almaty nan Champions League Ewopeyen : Poukisa yon klèb Azyatik ap jwe an Ewòp?

imaj atik la

1e oktòb 2025   Steve Pierre   808

Nan Ortalyq Stadıon, ayè, Real Madrid pa t gen okenn pitye pou Kairat Almaty. Espanyòl yo te kraze klèb Kazak la (0-5) nan 2èm jounen Champions League lan. Men kesyon k ap poze se : kijan yon ekip ki sòti Kazakstan, yon peyi ki jis an Azi, rive patisipe nan Champions League Ewòp la?


Kairat Almaty sòti nan Kazakstan, yon peyi ki sitiye li sou kontinan Azi a, touprè fwontyè ak Lachin. Malgre pozisyon jewografik sa a, Kazakstan se manm UEFA depi 2002. Sa vle di tout klèb yo, menm ekip nasyonal yo, patisipe nan konpetisyon Ewopeyen olye de AFC ki se Konfederasyon Azi a.

Pou kisa chwa sa? Gen plizyè rezon dèyè desizyon sa:

Sou plan ekonomik : Champions League Ewòp la pote anpil revni. Sèlman antre nan faz gwoup la garanti yon klèb tankou Kairat gentan genyen plis pase 18,6 milyon ewo, san konte prim pou rezilta yo.

Sou plan espòtif : jwe kont gwo klèb tankou Real Madrid, Bayern oswa Manchester City bay plis vizibilite ak eksperyans.

Kiltirèl ak politik : Kazakstan ap chèche plase tèt li pi pre Ewòp nan domèn espòtif ak jeyopolitik yo, yon fason pou l vin pi endepandan de enfliyans Larisi epi rantre nan yon rezo plis ouvè.

Vil Almati, kote klèb la sòti, chita nan pati lès peyi a, tou prè fwontyè Lachin nan. Sa fè Kairat vin youn nan klèb ki pi lwen ki janm jwe nan Champions League UEFA. Men, distans pa anpeche yo chèche benefis ki sòti nan manm UEFA yo : plis sipò, plis pwojè devlopman.

Malgre Kazakstan se yon peyi Azyatik sou plan jewografik, Kairat Almaty ap jwe Champions League lan paske peyi a te chwazi foutbòl Ewòp la pou rezon istorik, finansye, espòtif, epi jeyopolitik. Yon chwa ki kontinye soulve kiryozite, sitou lè yon klèb ki sòti lwen lès kontinan an jwenn tèt li fas ak gran non foutbòl Ewopeyen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou