UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA Lòt

Lòt

Konbyen jwè fransè ki pran Balondò?

imaj atik la

23 septanm 2025   Steve Pierre   999

Balondò se pi gwo prim endividyèl yon jwè ka genyen nan karyè foutbòl li. Depi 1956, anpil gwo non pase nan lis sa a, men Lafrans gen yon plas espesyal ladan l. An total, se sis (6) jwè fransè ki ranpòte distenksyon an, pou yon total uit (8) fwa. Chak nan yo make yon epòk diferan, swa nan Ewòp, swa lakay yo an Frans.


Raymond Kopa se premye jwè fransè ki leve Balondò a, an 1958. Nan moman sa a, Kopa t ap jwe ak Real Madrid, yon ekip ki te nan tèt foutbòl mondyal la. Li te yon "ti atakan" ki t ap make diferans nan mitan teren an, epi prim nan te rekonpanse tout enpak li nan klèb espanyòl la.

Nan lane 1980 yo, Lafrans te gen yon lòt zetwal ki t ap klere pi wo pase tout lòt yo. Michel Platini te ranpòte Balondò a twa fwa youn aprè lòt : 1983, 1984, ak 1985. Lontan anvan Messi oswa Cristiano Ronaldo t ap fè menm bagay la, Platini te deja enpoze dominasyon pa li. Avèk Juventus, li te pote Ligue Des Champions an, chanpyona Itali, epi li te dirije Lafrans nan Euro 1984 kote li te fini pi bon bitè ak pi bon jwè konpetisyon an. Balondò li yo se te yon kouwòn pou talan, vizyon, ak presizyon li nan frap.

Aprè Platini, se te Jean-Pierre Papin ki te kontinye fè drapo ble a flote anwo. An 1991, atakan istorik la te ranpòte Balondò a pandan li t ap jwe ak Olympique de Marseille. Papin te yon finisher natirèl, li te make gòl ak tout kalite frap, se premye fwa yon jwè k ap jwe an Frans te leve prim lan.

Nan 1998, listwa te ekri yon lòt paj. Zinédine Zidane, mèt mitan teren an, te resevwa Balondò a pandan li t ap defann koulè Juventus. Lane sa a, Zidane te vin yon ewo nasyonal aprè li te mennen Lafrans ranpòte Koup Dimond lan ak de (2) gòl tèt nan final kont Brezil. Balondò a te sèlman konfime plas li kòm youn nan pi gwo jwè nan jenerasyon li ak tout listwa foutbòl li.

Nan jenerasyon resan an, se Karim Benzema ki mete non li nan listwa a. An 2022, aprè yon sezon majik ak Real Madrid, li te ranpòte Balondò a. Benzema te fini pi bon bitè nan Ligue Des Champions an, li te pote klèb la sou zepòl li, prim nan te yon rekonpans merite pou tout karyè li, pèsòn nan mond lan pa t konteste Balondò sa.

Finalman, an 2025, se Ousmane Dembélé ki pote flanbo a. Atakan Paris Saint-Germain an te gen yon sezon etonan, kote li te pote bay PSG premye Ligue Des Champions li. Li te chwazi pi bon jwè mond lan, devan Lamal, Vitinha ak Raphinha. Avèk viktwa sa a, Dembélé vini sizyèm jwè fransè ki antre nan lis ki onore pa distenksyon sa .

Depi Kopa rive nan Dembélé, chak jenerasyon Lafrans toujou jwenn yon gran talan pou make epòk li. Genyen nan yo ki te briye nan Espay, lòt an Itali, epi gen ki make istwa dirèkteman nan Ligue 1 an. Balon Dò fransè yo se prèv kapasite foutbòl fransè a pou pwodwi jwè ki pa sèlman enspire peyi yo, men ki enspire tout mond lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou