ALMAYBundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt
AKÈY ALMAY Bundesliga

Bundesliga

Bayern Munich ofisyalize Leroy Sané kite klèb lan

imaj atik la

1ye jiyè 2025   Jacky Chery   155

Aprè 5 sezon, Leroy Sané kite Bayern Munich pou l kapab rejwenn Galatasaray kote l siyen gratis pou 3 sezon. Elye alman an p ap menm fin jwe Koup Dimond klèb yo avèk Bavawa yo.


Nan yon kominike ki pibliye jodi lendi 30 jen 2025 lan, Bayern Munich anonse Leroy Sané kite klèb lan. Pandan 5 sezon, entènasyonal alman an reyisi mete nan palmarès li yon latriye tit, pami yo plizyè Bundesliga.

Ansyen jwè Manchester City an kite Bayern Munich aprè 223 match, ladan yo li enskri 61 gòl. Leroy Sané kite lakay li nan peyi Almay pou ale evolye nan peyi Tiki, malgre divès klèb Premier League anglè a te entèrese avèk li, pami yo Arsenal ak Tottenham.

Avèk desizyon sa, entènasyonal alman an p ap la pou kadefinal Koup Dimond dimond klèb yo fas Paris Saint-Germain k ap jwe samdi k ap vini la nan peyi Etazini.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou