AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Jackson Jean denonse enpak chanpyona vakans yo, men Tempête FC pase a laksyon pou pwoteje jwè li yo

imaj atik la

24 novanm 2026   Steve Pierre   1105

Pandan deba ap fèt sou konsekans chanpyona vakans yo sou kondisyon fizik jwè k ap patisipe nan chanpyona nasyonal la, Tempête FC pa deside rete bwa kwaze. Direksyon klèb senmakwa a entèdi jwè li yo patisipe nan nenpòt konpetisyon paralèl pandan tout dire chanpyona nasyonal la.


Pwoblèm chanpyona vakans yo ap kontinye soulve anpil reyaksyon nan mitan aktè foutbòl ayisyen yo. Dimanch 22 novanm nan, aprè match nil (0-0) Racing des Gonaïves te fè fas ak Ouanaminthe FC a, antrenè ekip gonayivyen an, kotch Jackson Jean, te pale sou konsekans konpetisyon sa yo genyen sou preparasyon fizik jwè yo.

Teknisyen an pa t kache enkyetid li sou kesyon jwè k ap patisipe nan chanpyona vakans pandan chanpyona nasyonal la ap dewoule. Daprè li, lè jwè yo ap jwe lòt konpetisyon nan mitan semèn nan, yo pa jwenn ase tan pou yo reprann fòs yo anvan pwochen match chanpyona nasyonal la. Yon sitiyasyon ki, selon antrenè a, afekte entansite ekip li a kapab mete nan kòmansman rankont yo.

Pandan deba sa ap pran plis plas ban peyizay foutbòl ayisyen an, Tempête FC sanble deside pran devan sou kesyon an. Nan yon kominike ofisyèl ki pote dat madi 24 novanm 2026 la, komite egzekitif klèb Senmak yo anonse yo entèdi tout jwè li yo patisipe nan nenpòt konpetisyon paralèl pandan tout dire chanpyona nasyonal la.

Direksyon Bèl Kolòn nan avèti nenpòt jwè ki ta vyole dispozisyon sa ap tonbe anba gwo sanksyon disiplinè, daprè règleman entèn klèb la.

Nan kominike a, komite egzekitif la pwofite raple jwè yo nesesite pou yo fè prèv pwofesyonalis, disiplin, solidarite ak angajman san rezèv, sitou nan moman ekip la ap travèse yon sitiyasyon espòtif difisil nan klasman chanpyona nasyonal la.

Pou responsab Tempête FC yo, enterè kolektif la dwe pase anvan nenpòt konsiderasyon endividyèl. Klèb la estime li bezwen enplikasyon tout jwè yo pou l kapab redrese sitiyasyon espòtif li.

Desizyon Tempête FC a relanse kesyon sou plas chanpyona vakans yo nan foutbòl ayisyen an, sitou lè konpetisyon sa yo ap dewoule an menm tan ak chanpyona nasyonal la. Rete pou wè si lòt klèb yo ap swiv menm chimen an pou limite konsekans posib aktivite sa yo sou preparasyon ak pèfòmans jwè yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou