AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Medam Grenadye yo sou yon twazyèm jounen preparasyon kont Meksik

imaj atik la Kredi Foto: @FHF

26 novanm 2026   Benswilkenson Jean   968

Seleksyon nasyonal fanm ayisyèn lan ap gen pou afwonte peyi Meksik nan kad match eliminatwa Mondyal 2027 k ap òganize nan peyi Brezil. Medam grenadye yo ap prepare echeyans lan.


Avèk antrenè yo Pia Sundhage, seleksyon fanm Ayiti a ap prepare yon gwo randevou. Pou yo rive nan randevou sa, Pia Sundhage fè apèl ak 26 pi bon jwez seleksyon ayisyèn lan k ap jwe nan peyi etranje daprè li.

Pami yo nou ka wè prezans megasta ayisyèn lan Melchie Daëlle Durmonay tout moun konnen sou non Corventina, Lourdjina Étienne, Nerillia Mondésir, Batcheba Louis, Claire Constant se kèk nan jwez ki nan lis 26 Pia Sundhage la.

Medam grenadye yo deja twouve yo nan vil Dalas nan kan baz seleksyon an kote yo sou yon twazyèm jounen depi yo kòmanse preparasyon yo. Nan twazyèm jounen sa a medam yo te plis konsantre yo sou ajisteman taktik sitou nan koze choute koufran an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou