Widler Bazile pa antrenè Cavaly Asosyasyon Espòtif Leyogàn ankò. Teknisyen an remèt demisyon li jodi lendi 23 novanm 2026 la, nan demen match nil (0-0) ekip la fè ak Juventus des Cayes, nan Pak Gérard Christophe la. Yon desizyon ki vini nan yon kontèks kote Cheval wouj la poko jwenn okenn viktwa aprè kat (4) jounen nan chanpyona a.
Selon enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon nou an, pandan rankont lan, plizyè sipòtè te kritike antrenè a epi mande l pou l demisyone. Daprè sa laprè nan lakou Leyogàn fè konnen, direksyon klèb la pa t aksepte demisyon li. Men malgre sa, Widler Bazile p ap kontinye dirije ekip la ankò, li bat ba.
Se pa premye fwa avni teknisyen an nan Cavaly vin gen pwoblèm aprè yon rankont kont Juventus des Cayes. Nan dat 24 mas 2025, nan demen yon defèt (2-3) devan menm ekip sa a, direksyon Cheval wouj la te mete fen nan kontra li, atravè yon lèt prezidan klèb la, Jean Lesly Dessources, te siyen. Yon lòt fwa aprè yon match kont Juventus li tou pèdi kostim antrenè li, menmsi fwa sa kontèks la diferan.
Sitiyasyon espòtif Cavaly a nan kòmansman sezon an kapab ede konprann tansyon ki genyen yo. Aprè kat (4) premye jounen seri ale a, ekip Leyogàn nan poko fè okenn viktwa. Li fè match nil (0-0) ak America FC, (1-1) ak Racing Club Haïtien, epi (0-0) ak Juventus Okay. San bliye nan yon match anreta pou dezyèm jounen an, li te pèdi (1-0) devan Violette AC, sou yon gòl ekip la te pran nan 90èm+2 minit.
Anfas pwoblèm sa yo, atak Cavaly a pa rive bay rezilta. Nan kat (4) rankont li jwe yo, se yon sèl gòl ekip la make, gras ak Jean Denickson Dajolly nan match kont Racing Club Haïtien. Pandan menm peryòd la, li pran de (2) gòl. Avèk twa pwen sèlman, Cheval wouj yo klase katriyèm nan gwoup Sid la, byen lwen dèyè Violette AC ki gen 12 pwen ak America FC ki konte 10 pwen.
Pou kounye a, poko gen enfòmasyon sou kiyès ki pral pran tèt ekip la. Direksyon Cavaly a poko pibliye okenn kominike ofisyèl sou sitiyasyon an nonplis. Depa Widler Bazile a ajoute yon lòt pwoblèm sou wout yon ekip ki poko rive jwenn bon rit li nan kòmansman sezon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou