Atakan seleksyon ayisyèn lan Ruben Providence fini MVP nan viktwa ekip li Bodrum 4-0 jodi a.
Nan kad 16èm jounen chanpyona dezyèm divizyon peyi Tiki a, jèn entènasyonal ayisyen an Ruben Providence te titilè pou ekip li Bodrum an deplasman fas Sivaspor.
Grenadye a te jwe 88 minit nan match sa kote li bay yon pas gòl nan gwo viktwa Bodrum fè 4-0 sou Sivaspor. 13 sou 18 pas Ruben yo te reyisi nan match sa. Sou 6 chout li te fè yo te gen 2 ladan yo ki kadre.
Aprè viktwa sa Grenadye a te ale ak twofe pi bon jwè match la epi Sofa te note li 8.5
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou