ETAZINI   MLS   USL   OpenCup   Lòt  
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Columbus Crew mete fen nan rèv Messi ak koyekipye li yo

imaj atik la

27 novanm 2026   Steve Pierre   1285

Inter Miami deja konnen fen sezon li nan Major League Soccer (MLS) pou lane 2026 la. Ekip Lionel Messi a elimine nan faz eliminatwa chanpyona a aprè li fin pèdi (1-0) devan Columbus Crew jodi vandredi 27 novanm nan.


Defèt sa a konfime eliminasyon klèb floridyen an, ki pa rive jwenn repons devan Columbus Crew nan seri de (2) rankont sa yo. Aprè yon premye match kote Inter Miami te tonbe (0-3), Messi ak koyekipye li yo te gen obligasyon pou reyaji nan dezyèm rankont lan pou yo te ka kenbe espwa kalifikasyon an.

Men, Columbus Crew te jwenn yon lòt viktwa, fwa sa a sou pi piti diferans lan, (1-0). Avèk de (2) viktwa nan de (2) rankont, ekip la ranpòte seri a epi mete fen nan sezon Inter Miami nan faz eliminatwa yo.

Se yon gwo desepsyon pou Inter Miami, ki te antre nan konpetisyon an ak anbisyon pou defann tit yo te pran sezon pase a. Kounye a, Lionel Messi ak koyekipye li yo oblije konsantre yo sou sezon 2027 la, aprè yon eliminasyon ki make fen kanpay yo nan MLS 2026 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou