AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Antrenè seleksyon fanm lan mete lis li deyò pou dènye manch eliminatwa Mondyal la

imaj atik la Kredi Foto: @FHF

23 novanm 2026   Benswilkenson Jean   934

Pia Sundhage sòti yon lis 26 jwez pou dènye faz eliminatwa Mondyal 2026 la. Medam grenadye yo ap prepare yo pou dènye faz eliminatwa Mondyal Brezil 2027 la.


Nan lis sa gen prezans kad yo ak nouvo jwè ki te nan dènye rasanbleman an pami yo Danique Ypema ak Brittany Raphinoe k ap jwe nan Inter Milan nan peyi Itali. Yon lòt bò gadyèn Paris Saint Germain an Océane Toussaint ak Dayana Pierre Louis fè gran retou yo nan ran medam yo pou ranfòse ekip la pou echeyans lan.

Medam Grenadye yo ap gen pou fè fas ak Meksik nan dat 28 novanm lan nan eta Tekzas nan peyi blan meriken. Plizyè nan jwez yo gentan kòmanse debake nan kan baz seleksyon an. Pami yo defansè Sibòg la Claire Constant gentan make prezans li.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou