Lapolis nan peyi Brezil arete atakan klèb Vasco Da Gama a David Corrêa da Fonseca akoz yo ta sispèk li nan konfyolo ak yon gwoup gang.
Jodi jedi 26 novanm lan nan peyi Brezil, jèn atakan David Corrêa pran kòd nan antrènman avèk klèb li Vasco da Gama. Se polis sivil Espírito Santo ki mennen operyasyon sou lòd lajistis ki rive arete foutbolè a.
Daprè enfòmasyon jounal brezilyen Geglobo, se nan yon ankèt lajistis mennen e yo ta jwenn jwè a se yon eleman enpòtan nan ankèt kont yon gwoup gang k ap simen latwoublay. Jounal la fè konnen jwè a ta menm enplike nan tantativ lanmò sou moun, trafik dwòg.
An atandan dosye a klase, jwè a twouve l nan gadavi pandan lajistis kontinye ap fouye zo nan kalalou pou jwenn plis eleman.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou