AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Copa America 2028 : Ayiti kapab prezan, men fòk li travèse 2 obstak

imaj atik la

25 novanm 2026   Steve Pierre   587

Konfederasyon foutbòl Amerik Disid la (CONMEBOL) ak Konfederasyon foutbòl Amerik Dinò, Amerik Santral ak Karayib la (CONCACAF) anonse madi 24 novanm 2026 la yon nouvo akò pou òganize 49èm edisyon Copa América a, ki prevwa dewoule Ozetazini sòti 9 jen pou rive 9 jiyè 2028. Konpetisyon sa a pral reyini 16 seleksyon nasyonal, ladan yo 10 peyi manm CONMEBOL ak sis (6) reprezantan CONCACAF.


Nan kad patenarya estratejik ant de (2) konfederasyon yo, sis (6) seleksyon CONCACAF ki pral patisipe nan pwochen Copa America a ap jwenn kalifikasyon yo sou baz pèfòmans espòtif yo nan Gold Cup 2027 la. Konpetisyon sa a pwograme sòti 17 jen pou rive 11 jiyè 2027. Se konsa, rezilta ekip yo ap reyalize nan tounwa kontinantal sa a pral sèvi kòm chimen pou jwenn youn nan sis (6) tikè yo.

Pou Ayiti, anons sa a bay Gold Cup 2027 la yon lòt dimansyon. Grenadye yo, ki pral gen pou travèse obstak Nikaragwa nan faz eliminatwa mwa mas 2027 la, gen de (2) objektif devan yo. Anvan tout bagay, fòk yo jwenn plas yo nan faz final Gold Cup la. Aprèsa, yo pral gen pou chèche youn nan sis plas CONCACAF mete disponib pou Copa America 2028 la.

Seleksyon ayisyen an pral bezwen abòde pwochen match yo ak anpil detèminasyon. Yon kalifikasyon pou Gold Cup la ap pèmèt Grenadye yo kontinye batay pou yon lòt prezans nan pi gwo konpetisyon seleksyon Amerik yo. Sa ta reprezante yon nouvo opòtinite pou foutbòl ayisyen an retounen mezire fòs li ak kèk nan pi bon seleksyon Sidameriken yo, jan sa te fèt an 2016, nan Copa América Centenario.

De gwo objektif devan Grenadye yo : jwenn tikè pou Gold Cup 2027 la an premye, epi goumen pou yon plas nan Copa America 2028 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou