AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Dosye chanpyona vakans: Tempête FC pran premye desizyon li aprè nòt la

imaj atik la Kredi Foto: @Tempête FC

26 novanm 2026   Steve Pierre   195

Deba sou enpak chanpyona vakans yo sou foutbòl ayisyen an kontinye pran yon lòt dimansyon. Apre antrenè Racing des Gonaïves la, Kotch Jackson Jean, te denonse konsekans konpetisyon sa yo sou kondisyon fizik jwè yo, Tempête FC te sòti yon kominike pou entèdi jwè li yo patisipe nan nenpòt konpetisyon paralèl pandan tout dire chanpyona nasyonal la. Kounye a, klèb Senmak la pran yon lòt desizyon ki gen rapò ak menm dosye a.


Dosye chanpyona vakans: Tempête FC pran premye desizyon li aprè nòt la

Deba sou enpak chanpyona vakans yo sou foutbòl ayisyen an kontinye pran yon lòt dimansyon. Apre antrenè Racing des Gonaïves la, Kotch Jackson Jean, te denonse konsekans konpetisyon sa yo sou kondisyon fizik jwè yo, Tempête FC te sòti yon kominike pou entèdi jwè li yo patisipe nan nenpòt konpetisyon paralèl pandan tout dire chanpyona nasyonal la. Kounye a, klèb Senmak la pran yon lòt desizyon ki gen rapò ak menm dosye a.

Ayè mèkredi 25 novanm 2026 la, Tempête FC mete fen nan kolaborasyon li ak antrenè adjwen Serge Louis, akòz absans li nan seyans antrènman ekip la. Selon enfòmasyon Exantus Tyson rapòte, teknisyen an ta al dirije yon ekip nan chanpyona vakans pandan klèb la t ap antrene menm jou a.

Nan yon nòt ofisyèl ki pote dat 24 novanm 2026 la, komite egzekitif Tempête FC te deja fè konnen li entèdi tout jwè klèb la patisipe nan konpetisyon paralèl pandan chanpyona nasyonal la. Direksyon an te menm avèti nenpòt jwè ki pa respekte dispozisyon sa a t ap ekspoze tèt li anba sanksyon disiplinè, daprè règleman entèn klèb la.

Serge Louis, bò kote pa li, te gen responsablite pou asire kontinyite travay teknik la pandan antrenè prensipal la, Charles Hérold Junior, ap akonpaye seleksyon nasyonal U-14 la nan yon estaj nan peyi Lafrans. Men, absans li nan preparasyon ekip la pouse direksyon an pran desizyon pou separe ak li.

Tout devlopman sa yo rive nan yon moman difisil pou ekip Bèl Kolonn lan, ki aprè kat (4) match nan chanpyona nasyonal D1 an pou 2026/27 la, totalize sèlman 3 pwen sou 12 posib.

Ant pozisyon Jackson Jean nan dosye a, kominike Tempête FC a ak desizyon klèb la pran kont antrenè adjwen li an, kesyon chanpyona vakans yo sanble ap vin tounen yon gwo sijè nan foutbòl ayisyen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou