ALMAYBundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt
AKÈY ALMAY Bundesliga

Bundesliga

Harry Kane sou wout pou kase chèn malediksyon pa chanpyon an

imaj atik la

23 avril 2025   Steve Pierre   1139

Aprè plis pase dis (10) lane kòm yon gwo jwè ki pa janm leve okenn kouwòn, Harry Kane sou wout pou chanje istwa l. Avèk Bayern Munich, li sèlman bezwen de (2) viktwa sou kat (4) dènye match yo pou ranpòte Bundesliga 2024-2025. Èske se lane sa vre malediksyon Kane lan ap kase?


Depi lè Kane te kite Tottenham Hotspur pou Bayern Minich nan mwa dawout 2023 a, tout fanatik foutbòl te konnen objektif li : pran tit. Lè l te nan peyi Angletè, li t ap pliye defans, li t ap fè gòl, li t ap bat rekò, men li pa t janm touche yon sèl twofe.

Kounye a, sitiyasyon an diferan. Bayern Minich ap mennen nan klasman Bundesliga a ak 72 pwen, pandan Bayer Leverkusen, ki nan dezyèm plas, gen sèlman 64 pwen. Sa vle di ekip Harry Kane nan gen 8 pwen avantaj epi sèlman 4 jounen chanpyona ki rete.

Pou atakan 31 lane a ak Bayern vin chanpyon, yo sèlman bezwen fè 6 pwen sou 12 ki rete yo. Sa vle di 2 viktwa nan 4 dènye match yo sifi pou mete premye twofe nan karyè gwo bitè sa.

Men 4 dènye match Bayern yo :

1. Bayern vs Mayence (26 Avril)

2. RB Leipzig vs Bayern (3 Me)

3. Bayern vs Hoffenheim (10 Me)

4. Mönchengladbach vs Bayern (17 Me).

Avèk fòm Kane ak lòt koyekipye li yo, li posib anpil pou yo regle sa nan de (2) pwochen jounen yo. Ansyen jwè Tottenham nan deja fè 24 gòl ak bay 7 pas nan chanpyona a pou sezon sa epi li se youn nan jwè ki pi djanm sezon sa a.

Si tout bagay mache jan l ye a, Harry Kane kapab finalman fèmen bouch tout moun ki t ap ri de "madichon san twofe" li a. Se pa sèlman yon siksè pèsonèl, men yon rekonpans pou detèminasyon li ak chwa li fè pou kite Angletè. Se de viktwa sèlman epi listwa foutbòl lan ka ekri yon nouvo paj pou atakan sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )