Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Borussia Dortmund reyalize yon viktwa enpòtan vandredi pase a sou Borussia Mönchengladbach (2-0), nan kad 15èm jounen Bundesliga a, nan yon Signal Iduna Park byen anime. Men se konpòtman Adeyemi ki te atire atansyon tout moun.
Malgre siksè a sou teren an, aprè match la se pa sèlman rezilta a ki te nan bouch tout moun. Yon move konpòtman ki te afiche pa jèn atakan alman an, Karim Adeyemi, vin fè gwo bri nan mitan fanatik yo ak laprès la.
Aprè yo ranplase l nan 60èm minit, Karim Adeyemi pa t kache kolè li. Jwè a te manifeste fristrasyon li byen fò, li mete yon jakèt antrènman cho epi li eseye pran direksyon vestyè yo dirèkteman. Yon atitid ki pa t pase inapèsi, ki te oblije direktè espòtif la, Sebastian Kehl, entèvni pèsonèlman pou bloke li epi fè l tounen sou ban an.
Aprè match la, Kehl pa t pase pa kat chemen pou kritike konpòtman jwè a : "Antrenè a pa vle wè konpòtman sa, klèb la pa vle wè sa. Li dwe aksepte desizyon antrenè a. Se poutèt sa li pran yon sanksyon finansyè, se sa responsab BVB la fè konnen.
Antrenè Dortmund la, Niko Kovac, te ale menm pi lwen nan analiz li. Selon li, Adeyemi pa t nan yon bon jounen, ranplasman an te lojik : "Li pa t bon jodi a. Ranplasman an te jis. Mwen fè Maximilian Beier antre, li te pote plis bagay".
Daprè Sebastian Kehl, Adeyemi deja prezante eskiz li, men sijè a rete trè sansib. Jwè 23 lane a, ki ta vle kite BVB la, te deja nan sant pwoblèm yo plizyè semèn avan, aprè yon afè lajistis pou posesyon ilegal zam.
Malgre viktwa a, dosye Karim Adeyemi a vin tounen yon nouvo tèt chaje pou Borussia Dortmund, ki pral oblije jere dosye disiplinè sa a avèk anpil prekosyon nan jou k ap vini yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou