Nan klèb anglè Tottenham, Harry Kane te konnen anpil sezon san janm ranpòte yon tit. Bayern Munich ki wè jwè sa kòm yon talan ki kapab pote plis pou yo, te achte e ranfòse efektif la.
Nan klèb anglè Tottenham, Harry Kane te konnen anpil sezon san janm ranpòte yon tit. Bayern Munich ki wè jwè sa kòm yon talan ki kapab pote plis pou yo, te achte e ranfòse efektif la.
Aprè atakan anglè a sot soulve premye tit li ak Bavawa yo, jodi a li pran yon dezyèm nan karyè li swit ak Sipèkoup Almay lan yo pran sou Stuttgart (2-1) jodi samdi a.
Pou te lanse rankont lan nan koze gòl, ansyen jwè Tottenham lan te mete Roten yo sou wout siksè a, aprè li te pwofite yon erè defans lan te fè, li pini yo nan 18èm minit. Nan dezyèm peryòd la, nouvo jwè ekip la Diaz ajoute sou eskò a pou rann sitiyasyon an pi difisil pou advèsè yo nan 77èm minit. Fen rankont lan, Leweling te tante kreye kè kase lakay Bayern nan 90+4 minit, malerezman li te twò ta.
Rekordmeister yo tounen rejwenn kouwòn sa yo te pèdi a nan lane 2023 fas Leipzig anvan Bayer Leverkusen te pran l sezon pase. Ak eksplwa sa, Harry Kane konte yon dezyèm tit nan palmarès li koom jwè ak klèb alman an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou