ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ Lòt

Lòt

Arsenal ranpòte premye twofe l pou sezon an fas Manchester City

imaj atik la

16 dawou 2026   Benswilkenson Jean   647

Gunners Lonn yo kontinye montre dominasyon yo nan foutbòl anglè a. Yo chanpyon Community Shield la 3-0 devan Manchester City.


Pou premye match ofisyèl li pou sezon 2026-2027 la, Arsenal mete yon twofe nan dyakout li. Pwoteje Mikkel Arteta yo sòti ak viktwa a nan final Community Shield la fas ekip Manchester City a ki chanje antrenè pou sezon sa.

Depi nan premye minit jwè la Arsenal te pran bagay la trè serye lè entènasyonal italyen an Calafiori te make nan 23èm segonn. Gòl sa vini kòm gòl ki fèt pi rapid nan listwa konpetisyon sa. Nan 28èm minit Gunners yo pral asire avans yo a gras ak Kai Havertz ki te mete match la 2-0.

Nan kòmansman dezyèm mitan an entènasyonal nòvejyen an ta pral asire viktwa Arsenal ak yon 3èm gòl. Malgre 12 chout ladan yo 5 kadre Cityzens yo pa t gen chans jwenn wout kan an fas Gunners yo.

Chanpyon an tit Premier League sezon 2025-2026 la byen demare sezon 2026-2027 la ak yon twofe nan djakout yo. Twofe Communty sa vin fè 17èm fwa Arsenal ranpòte konpetisyon sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )