ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Tottenham rete 5 match pou detèmine desten l pou sezon pwochen

imaj atik la

21 avril 2026   Benswilkenson Jean   917

Spurs yo ap konnen pi move moman yo depi plizyè sezon. Aprè 33 jounen Tottenham nan 18èm plas klasman an ak 2 pwen anmwens 17èm plas la.


Sou direksyon antrenè italyen an Roberto de Zerbi, Tottenham gen pou misyon byen batay nan 5 dènye match li yo pou li pa tonbe nan dezyèm divizyon. Chanpyona anglè a sou 33èm jounen, Spurs yo toujou kwense nan tablo relegab la ak sèlman 31 pwen.

Tottenham ki sot chanpyon Europa League la lane pase, sou wout pou tonbe nan Championship la sezon k ap vini an. Rete sèlman 5 match pou Spurs yo asire pye yo nan Premier League la pandan yo ap espere fo pa West Ham oubyen Notthingham Forest.

Tottenham rete kòm advèsè Wolverhampton (ki deja relege), Aston Villa (4èm), Leeds (15èm), Chelsea (6èm) ak Everton (10èm).

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou