Kredi Foto: @Sky Sport
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Dis lane aprè yo te fè lemonn sezi lè yo te ranpòte Premier League la an 2016, Leicester City ap viv youn nan pi gwo trajedi nan listwa foutbòl anglè a. Klèb la desann nan League One (3èm divizyon), Aprè yon sezon 2025-2026 ki vire nan dezòd total.
Se yon nouvèl ki choke anpil moun nan mond foutbòl la. Leicester City, ansyen chanpyon Premier League la, ofisyèlman desann nan League One aprè yo pa rive kenbe tèt yo nan EFL Championship lan. Jodia yo fè yon match nil (2-2) ak Hull City, pandan rete 2 jounen pou chanpyona a fini, yo fè yon total 42 pwen aprè 44 jounen foutbòl.
Rezilta sa a make de (2) desann youn apre lòt pou “Foxes” yo, ki soti dirèkteman nan elit foutbòl anglè a pou rive nan 3èm divizyon an nan kèk sezon sèlman. Yon sitiyasyon ki ra, ki fè anpil obsèvatè pale de yon veritab “chit istorik”.
Sezon an te make pa anpil feblès. Ekip la te gen gwo difikilte pou jwenn viktwa, pandan defans lan te fè anpil erè ki koute chè. Anplis sa, klèb la te sibi yon penalite pwen poutèt pwoblèm finansye, sa ki te vin agrave sitiyasyon yo nan klasman an.
Anndan ekip la, pa t gen estabilite non plis. Chanjman antrenè yo, move desizyon nan rekritman, ak jesyon ki pa klè fè ekip la pèdi direksyon li. Sitiyasyon an menm rive lakòz gwo tansyon ak sipòtè yo, ki pa t ezite montre kòlè yo kont direksyon an pandan match yo.
Pou anpil moun, se youn nan pi gwo kontradiksyon nan foutbòl modèn nan : kijan yon ekip ki te rive sou tèt Angletè a ka tonbe tèlman vit konsa. Viktwa istorik yo an 2016 la toujou rete nan memwa tout moun, men reyalite jodi a montre yon klèb ki bezwen rebati depi nan baz.
Kounye a, defi ki devan Leicester City a klè : rebati ekip la, retabli disiplin finansye, epi eseye remonte etap pa etap. Men, nan yon League One ki toujou konpetitif, retou nan pi wo nivo a pa pral fasil ditou.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou