Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Manchester City imilye Liverpool ak yon eskò 4-0 nan FA Cup la nan Ethiad Stadium lan. Haaland fè yon triple nan match sa
Nan kad match ki konte pou kadefinal FA Cup la nan peyi Angletè, ekip Manchester City a te resevwa Liverpool nan Ethiad Stadium lan. Pep Guardiola pa t sou ban touch ekip la men se Pepijn Lijnders adjwen l kite sou ban touch ekip Manchester City a. Antrenè espanyòl t ap swiv match la nan tribin lan ansanm ak pitit fi l.
Nan yon sistèm 4-2-3-1 avèk Trafford anba kan an, Cityzens yo ta pral mennen 2-0 nan premye mitan match la gras ak 2 gòl atakan nòvejyen an Erling Haaland. Pami yo youn sou penal lòt la yon gòl tèt ki vini sou bò dwat la gras ak yon sant Semenyo te fè.
Nan dezyèm mitan an, ekip Liverpool la pa t janm ka reyisi enpoze jwèt li yon fason pou ta redwi eskò a sou Cityzens yo. Reds yo pa t ka evite dega yo e te vin ankese 2 gòl ankò.
Nan 2 gòl sa yo atakan nòvejyen an te make 3èm gòl li nan match la epi Semenyo te make youn ladan yo. Match la te fini sou eskò 4-0, ki se yon imilyasyon pou Reds yo ki te an deplasman.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou