Gunners lonn yo jwe premye match yo pou sezon 2026-2027 la nan Premier League la. Yo kòmanse ak yon bèl viktwa.
Chanpyon an tit Premier League 2025-2026 la byen demare nouvo sezon sa nan chanpyona premye divizyon anglè a. Pou premye match yo, Arsenal te gen randevou sou pwòp tèren l pou li resevwa ekip Conventry a, yon klèb ki apèn monte nan foutbòl elit anglèz la.
Match sa ki jwe nan Emirates Stadium lan fini nan avantaj Gunners yo 3-0. Pwoteje Mikel Arteta yo te kontwole tout match la kote yo fini l ak 64% posesyon.
Moun ki make pou yo se entènasyonal Alman an Kai Havertz (15èm minit), Boukayo Saka (23èm minit) ak Martin Odegaard (49èm minit). Pwochen match yo se pral kont ekip Aston Villa lendi 31 dawout k ap vini an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou