Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Gunners lonn yo pèdi premye match yo aprè trèv entènasyonal la nan Premier League la. Arsenal tonbe 2-1 devan Bournemooth sou pwòp tèren l nan Emirates Stadium lan.
Nan kad 32èm jounen Premier League la, Arsenal ki prèske pran tit la pèdi devan Bournemooth 2-1 pandan rete sèlman 6 jounen pou chanpyona a fini.
Malgre Mikel Arteta te alinye tout bon pyon li yo men sa pa anpeche li pran yon defèt nan kad 32èm jounen Premier League la sou pwòp tèren yo. Defèt sa toujou kite Arsenal nan premye plas la ak sèlman 9 pwen anplis Manchester City ki gen 2 match an reta.
Defèt sa kontinye mete gwo sispens sou ekip ki ka leve twofe chanpyona anglè a sezon sa a. Rete 18 pwen nan lari toujou pou Arsenal pandan rete 24 pwen nan lari pou Manchester City. Sèl fason pou Arsenal ta pran chanpyona a se pou l pa ta fè fot nan rès 6 match li yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou