ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Chelsea ap konnen yon move seri

imaj atik la

22 avril 2026   Benswilkenson Jean   930

Premier League la pa lwen pou pran fen, men se nan moman sa a klèb Chelsea ap bese paviyon. Blues lonn yo sou 5 match san viktwa nan chanpyona a.


Ekip lonn lan Chelsea nan yon moman fènwa total. Anyen pa mach pou Bleus yo. Nan kad 34èm jounen an, Chelsea pran yon kalòt marasa nan men Brighton 3-0 an deplasman. Rezilta sa pa sèl move rezilta ekip la konnen pandan dènye semèn sa yo.

Blues Lonn yo sou yon seri 5 match nan chanpyona anglè a san yo pa konn koulè viktwa. Dènye fwa yo te fè viktwa nan Premier League la se kont Aston Villa nan kad 29èm jounen an 4-1. Depi aprèsa, Chelsea poko konnen menm yon match nil.

Seri a pa sèlman enkyetan nan Premier League la, sa rive nan lòt konpetisyon yo tou. Sou 8 dènye match li yo, yo fè yon sèl viktwa ak 7 defèt. Pandan ekip ap bat pou asire pye yo pou jwe Champions League sezon ki ap vini an ta sanble kamyon Chelsea ap kouri sou bak.

Chelsea nan 7èm plas la ak 48 pwen ak yon match anplis pandan gen 4 lòt ekip ki gen posiblite pran devan l akoz yo gen yon match an mwens. Brentford nan do yo ak 48 pwen menm valè ak Bournemooth pandan yo tou 2 gen yon match an reta.

Nan do yo toujou genyen Everton (47 pwen) ak Sunderland (46 pwen) ki nan pòt la ki ap veye fo pa. Yo tou 2 a gen yon match an mwens. Chelsea rete 4 match se kont ekip sa yo Nottingham Forest, Liverpool, Tottenham ak Sunderland.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou