Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Klèb anglè a Manchester United rekonpanse bon travay jèn antrenè anglè a. Michael Carrick siyen jiska jen 2028 ak Reds Devils yo.
Jèn antrenè anglè a ki gen sèlman 44 lane te ranplase antrenè pòtigè a Ruben Amorim nan mitan sezon an nan tèt klèb Manchester United la. Antrenè pòtigè a ki pa t kapab drese bak ekip la ki t ap konnen yon move moman depi plizyè ane. Direksyon klèb la te deside revoke l epi ranplase l pa Michael Carrick.
Nominasyon sa ta pral vini kòm dezyèm fwa antrenè anglè a nome kòm antrenè enterim Reds Devils yo. Premye fwa a se te nan lane 2021 kote l te kenbe pandan 3 match li te fè 2 viktwa ak 1 match nil. Li te ranplase Ole Gunnar Soljaer annatan yo te nome Ralf Ragnick nan tèt klèb la.
Aprè sa li ta pral dirije klèb Middlesbrough la nan Championship anvan Manchester United te fè apèl avèl yon dezyèm fwa pou yon pòs enterim.
Anglè a te reponn prezan epi sove sezon klèb la kote li kalifye l pou Champions League sezon 2026-2027 la pandan l fini 3èm nan chanpyona a. Pandan 16 match, Micheal Carrick fè 11 viktwa, 3 match nil ak 2 defèt sèlman pou fen sezon an.
Direksyon klèb la ki rekonèt bon travay jèn antrenè a tou siyen l definitif pou 2 sezon. Kontra a ap fini nan mwa jen 2028.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou