ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Yon premyè ekip gentan relege nan 5 gran chanpyona yo

imaj atik la

21 avril 2026   Benswilkenson Jean   718

Nou nan dènye manch chanpyona yo nan top 5 chanpyona ewopeyen yo. Wolverhampton se premye ekip ki deja konnen li relege.


Nan chanpyona anglè a rete 5 jounen pou tout bagay fini. Pandan ekip k ap chanpyon an toujou an sispens men nan 3 sa ki ap relege yo, gen youn ki deja di babay ak Premier League la.

Wolverhampton ki ap konnen yon move moman depi kòmansman sezon an, ofisyèlman relege nan dezyèm divizyon chanpyona anglè a pou sezon ki ap vini an. Wolves yo nan bon dènye plas la ak sèlman 17 pwen aprè 33 match.

Sou 33 match sa yo, Wolverhampton fè sèlman 3 viktwa ak 8 match nil. Klèb entènasyonal ayisyen an Jean Ricner Bellegarde fè 22 defèt. Yo make 24 gòl yo pran 61.

Malgre direksyon Wolves yo bouke chanje antrenè men yo pa rive epanye wout dezyèm divizyon an. Apore 33 jounen pa gen okenn priyè Wolverhampton ka fè pou evite desann nan Championship la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou