Kredi Foto: @Ligue Haïtienne de Football (LHF)
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Jodi dimanch lan, tout je sanse brake sou Parc Levelt Saint-Marc k ap resevwa final ale chanpyona nasyonal premye divizyon an ant Baltimore SC ak Violette AC. Yon match k ap mete fas pou fas pi bon atak chanpyona a ak ekip ki te gen pi bon defans lan.
Tout dispozisyon deja pran pou match foutbòl sa ki pwograme pou 3è nan aprèmidi jodi dimanch lan. Ligue Haïtienne football lan (LHF) k ap òganize konpetisyon an te reyini manm laprès yo ayè samdi an pou fikse dènye detay yo sou gran randevou sa.
Violette AC, ki te pratikman fè yon pleyòf san fot, pral kwaze Baltimore Saint-Marc ki ranpòte gwoup Nò an. Yon final k ap jwe nan yon fòma ale-retou, k ap gen pou konsakre chanpyon seri ale premye edisyon chanpyona nasyonal premye divizyon an.
Pou chif tou 2 ekip sa yo, Violette AC ak Baltimore SC te fini premye nan gwoup Sid ak Nò an avèk de pèfòmans ki pa t pase inapèsi. Vye Tig yo pou seri ouvèti an jwe 11 match, ladan yo genyen 6 viktwa, 4 nil, pou yon sèl defèt. Bò kote Baltimore, se 7 viktwa, 2 nil ak 4 defèt nan 13 match.
Prensipal kiryozite final sa se atak Baltimore an ki gen ladan l Amstrong Leconte, youn nan jwè ki preseleksyone nan ekip U-20 an, fas defans ekip Violette lan ki pran sèlman 3 gòl. Vye Tig yo kapab konte sou Guivemy Joseph ki se san dout youn nan meyè gadyen konpetisyon an.
Randevou an pa lòt kote aprè Parc Levelt Saint-Marc pou premye manch sa k ap gen pou jwe jodi dimanch lan. Retou an se pou semèn k ap vini sou tèren Parc Sainte Thérèse lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou