Kredi Foto: @Paj Facebook Tempête FC
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Seri klòti chanpyona nasyonal la te demare jodi a nan gwoup Nò a, sou teren Parc Levelt. Se te yon afich ki te atire anpil atansyon, kote Tempête FC t ap resevwa FICA, de (2) ekip ki te fini dènye ak avan dènye nan premye faz seri ouvèti a.
Nan 7 match yo te jwe pandan seri ouvèti a, bilan FICA te montre 1 viktwa, 2 match nil ak 4 defèt. Pou Tempête FC, sitiyasyon an te pi difisil toujou : 0 viktwa, 3 nil ak 4 defèt. Se te yon kòmansman sezon ki pa t fasil ditou pou Bèl Kolòn yo.
Anvan demaraj seri klòti a, direksyon Tempête FC a te pran yon gwo desizyon lè yo chanje antrenè a. Yo konfye ekip la bay Charles Herold Junior, yon ansyen kad nan fòmasyon an, yon moun ki fè non nan foutbòl nasyonal la ki te menm pran chanpyona a lè li t ap jwe pou klèb sa. Chanjman sa a pa t pran tan pou l bay rezilta.
Depi premye jounen seri klòtire a, Tempête FC rive pran gou viktwa nan chanpyona sa a ki òganize pa Ligue Haïtienne de Football. Ekip la fè premye viktwa li nan sezon 2025-2026 la sou eskò (2-1).
Gran atizan siksè sa a se Orélus Boutros, ki make de (2) gòl pou Tempête nan 36èm ak 48èm minit. Pou ekip Okap la, Sandinho St Jean te louvri eskò a depi 15èm minit, men sa pa t sifi pou anpeche defèt la.
Avèk viktwa sa, ni Charles Herold ni Tempête FC lanse seri klòti a sou yon bon pye epi bay sipòtè li yo lespwa pou yon pi bon dezyèm faz nan chanpyona a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou