AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Premye viktwa pou Pia Sundhage nan tèt seleksyon medam ayisyèn yo

imaj atik la Kredi Foto: @FHF

04 mas 2025   Benswilkenson Jean   577

Antrenè syedwaz la Pia Sundhage ak estaf li fè premye viktwa pou premye match yo nan tèt gran seleksyon nasyonal fanm ayiti a. Yon viktwa 2-0 kont Giyàn.


Nan kad kalifikasyon pou Mondyal brezil 2027 la bò kote medam yo, antrenè entènasyonal syedwaz la Pia Sundhage dirije premye match li nan tèt medam Grenadye yo.

Ansyen antrenè seleksyon nasyonal brezilyèn medam yo te kòmanse ak yon premye onz ki pa t prèske diferan ak pa ansyen antrenè fransè a Malhou Quignet. Pia Sundhage te kòmanse nan kan an avèk Naïla Louïssaint olye li te kòmanse ak Kaïna César Pietrus ki te konn titilè anba kan an sou antrenè fransè a.

Nan defans lan Pia te kwè nan bon kapasite teknik ak konbativite sibòg ayisyen an Claire Constant. Nouvèl antrenè a te deja kanpe yon ekip djanm avèk sipèsta ayisyèn lan Melchie Durmonay kapitèn ak Batcheba Louis ki se pi bon bitè istwa seleksyon nasyonal fanm lan.

Medam grenadye yo chavire kwi Sirinam 2-0 ak yon gòl Roseline Eloissaint ak yon lòt sou penal Melchie Daelle Durmonay te make. Yon premye match ki fini ak yon bon gou viktwa pou antrenè syedwaz la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou