AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

U20 Ayiti : Viktwa pa fòfè aprè diskalifikasyon Giyàn ak Angiya

imaj atik la Kredi Foto: @FHF média

2 mas 2026   Steve Pierre   859

Seleksyon nasyonal U20 Ayiti a p ap jwe match ki te pwograme pou jodi a kont Giyàn. Rankont la anile aprè yon desizyon Konfederasyon an ki pran sanksyon kont Giyàn ansanm ak Angiya, aprè gwo ensidan ki te pete nan dènye match ant de ekip sa yo.


Daprè enfòmasyon ki disponib yo, te gen gwo eskonbrit pandan rankont Giyàn ak Anngiya a, sa ki pouse otorite konpetisyon an pran mezi disiplinè sevè. Tou de (2) ekip yo diskalifye pou rès konpetisyon an. Desizyon sa a otomatikman bay Ayiti viktwa pa fòfè sou Giyàn, ak yon eskò ofisyèl (3-0).

Avèk viktwa pa fòfè sa a, Ayiti ranmase 3 pwen anplis san li pa bezwen antre sou teren an. Sa mete ekip la nan yon pozisyon favorab nan gwoup la. Anvan sa, jèn Grenadye yo te deja frape fò ak yon gwo viktwa (7-0) sou Angiya, epi yo te kontinye ak yon lòt bon pèfòmans ki te fini (4-0) kont Senvensan.

Kounya a, Ayiti gen 9 pwen nan gwoup D la e li kontinye ap mache dwat sou wout kalifikasyon an.

Menm si yo benefisye yon viktwa pa fòfè, objektif la rete menm jan an pou jèn Ayisyen yo: chache biyè pou Mondyal U20 an ak pou Je Olenmpik yo. Dènye match kont Kiraso a ap gen gwo enpòtans, paske li ka detèmine sò ekip la nan faz eliminatwa sa a.

Estaf teknik la ap pwofite sitiyasyon an pou kontinye prepare ekip la seryezman. Konsantrasyon an dwe total, paske pwochen randevou a ap gen valè yon final pou Ayiti.

Grenadye yo gen sò a nan men yo. Se sou teren an yo pral bezwen konfime anbisyon yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou