BREZILSerieASerieBBrazilCupLòt
AKÈY BREZIL Lòt

Lòt

Yon antrenè pèdi djòb li aprè li fin bat yon ekip 8-0

imaj atik la

3 mas 2026   Steve Pierre   682

Filipe Luís te rive kòm antrenè prensipal Flamengo nan dat ki te 30 septanm 2024 la, aprè direksyon klèb la te mete yon bout nan kontra Tite. Se te premye gwo eksperyans li kòm antrenè ekip premye divizyon, men li te rive ak anpil konfyans, sitou paske li te deja yon ansyen jwè enpòtan pou klèb la ak seleksyon Brezil la.


Depi premye mwa li yo, li te montre li gen kapasite pou dirije yon gwo ekip. Nan mwens pase dezan, li te fè Flamengo ranpòte plizyè gwo tit : Copa do Brasil 2024, Campeonato Carioca 2025, Supercopa do Brasil 2025, Brasileirão 2025, epi sitou Copa Libertadores 2025, ki se pi gwo konpetisyon klèb nan Amerik Disid la. Siksè sa yo te mete l pami antrenè ki pi pwomèt nan foutbòl brezilyen an.

Men sezon 2026 la pa t kòmanse jan direksyon ak sipòtè yo te espere. Gen kèk move rezilta nan konpetisyon enpòtan ki te mete presyon sou li. Atant yo te trè wo aprè gwo sezon 2025 lan.

Sa ki pi frapan an, se lefèt yo revoke li 3 mas 2026, kèk èdtan sèlman aprè yon viktwa 8-0 kont Madureira. Yon rezilta ki te sanble montre ekip la tounen sou bon chimen, men ki pa t sifi pou sove plas li.

Revokasyon sa a montre jan foutbòl modèn nan fonksyone : menm lè yon antrenè deja pwouve kapasite li epi pote plizyè tit pou klèb la, presyon rezilta imedya ka lakoz yon fen sik rapid.

Kounya antrenè brezilyen an lib sou mache a, èske bout Diego Simeone pa pwòch nan Atlético Madrid?

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou