AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Kalifikasyon Mondyal 2027: Grenadyè yo pran 3 pwen yo san yo pa briye devan Sirinam

imaj atik la

4 mas 2026   Steve Pierre   603

Seleksyon medam yo fè yon lòt pa enpòtan nan kalifikasyon Mondyal 2027 la aprè yo bat Surinam (2-0) nan vil Paramaribo. Menm si jwèt la pa t vrèman klere, Grenadyè yo fè sa ki te nesesè a : pran 3 pwen yo epi rete pou kont yo an tèt gwoup D a ak 6 pwen.


Anvan rankont la, anpil obsèvatè te bay Suriname kòm ekip ki te ka mete Ayiti an difikilte. Rezon an senp : ekip la te ranfòse ak plizyè jwè ki soti Ewòp, ki te deja jwe nan kategori jèn yo pou Lawoland.

Pami yo, te gen Lakeesha Eijken (Fortuna Sittard, D1 Peyiba), Sifra Dulder (D2 Lafrans), Jada Conijnenberg (D1 Bèljik) gadyèn Selena Babb ki soti nan AC Milan, pou site sa yo sèlman. Avèk ranfòsman sa yo, anpil moun te panse Surinam te ka pran avantaj sou Ayiti.

Taktikman, yo te byen plase sou teren an, yo te fè presyon, yo te eseye konstwi jwèt la. Sa te rann premye mitan an difisil pou Grenadyè yo.

Sou teren Franklin Essed Stadium lan, ekip ayisyèn nan, pou premye match li ak antrenè syedwaz Pia Sundhage sou ban an, pa t montre pi bon figi li.

Te gen anpil dezòd sitou nan liy defans lan, konpreyansyon an pa t twò bon, premye mitan an fini (0-0) malgre kèk tantativ sou toude bò yo. Gadyèn Naila Louissaint, ki t ap jwe premye seleksyon li, pa t vrèman twouble.

Nan dezyèm mitan an, Ayiti te mete yon ti kras presyon nan match la. Nan 68èm minit, Roseline Eloissaint pwofite yon erè nan defans Sirinam nan pou l mete match la (1-0).

Sirinam eseye reyaji, men yo manke ide ak presizyon nan dènye jès yo. Finalman, nan fen match la, Melchie Daëlle Dumornay sou penalite te agrave nòt la (2-0).

Se pa t yon gran demonstrasyon fòs tankou (9-0) kont Beliz la mwa novanm pase a, men Grenadyè yo fè travay la. Nan kalifikasyon, sa ki pi enpòtan se rezilta a.

Aprè viktwa (2-0) sa, seleksyon fanm nan gen 2 lòt gwo rankont k ap tann li nan kalifikasyon Mondyal 2027 la :
• 9 Avril : Kont Anngiya
• 17 Avril : Kont Repiblik Dominikèn

De dènye jounen sa yo ap desizif, sitou match kont Repiblik Dominikèn nan ki kapab detèmine kiyès ki va pran sèl tikè ki disponib pou faz final eliminatwa yo.

Grenadyè yo pa briye ayè se vre, men yo montre matirite. Yo pran 3 pwen yo, yo rete an tèt gwoup la, epi yo kontinye batay pou rive nan Koup Dimond 2027 la. Wout la poko fini, men Ayiti byen plase pou fè yon lòt pa istorik.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou