AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Frantzdy Pierrot pran yon kalòt marasa pou premye titilarizasyon l nan peyi Tiki

imaj atik la Kredi Foto: @Pran sou nèt la.

04 mas 2025   Benswilkenson Jean   431

Atakan ayisyen an Frantzdy Pierrot jwe premye match li kòm titilè ak ekip Rizespor a. Yo tonbe 4-1 devan Besiktas.


Nan okazyon match gwoup C nan koup peyi latiki a, Rizespor te gen randevou pou deplase ale lakay ekip Besiktas la. Yon okazyon ki te gen anpil enpòtans pou atakan ayisyen an Frantzdy Pierrot ki t ap konnen premye titilarizasyon l ak klèb Tik Rizespor depi lè li depoze valiz li nan klèb la.

Grenadye a te demare match la jan sa te prevwa sou lòd antrenè Tiki 50 lane a Recep Uçar. Match la fini sou yon eskò 4-1 nan avantaj ekip Besiktas la. Yon premye titilarizasyon ki fini trè mal pou grenadye a ki pa t rive ni tranble filè ni fè pas gòl nan match la. Antrenè a te ranplase l nan 67èm minit match la, lè sa Besiktas te gentan ap mennen 3-0.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou