AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

America des Cayes anonse depa Germeille nan yon piblikasyon ak anpil regrè

imaj atik la Kredi Foto: @Dony Anlè

28 fevriye 2026   Neuvième Junior   613

Nan yon piblikasyon Kòlòs yo sòti, ekip kayen an anonse depa milye tèren yo Germeille ki rejwenn klèb Violette AC a, aprè plizyè ane li fè ap jwe sou koulè America. Direksyon klèb la fè konnen yo regrèt depa bèl jèn talan sa ki ale pouswiv rèv li ak Tig yo.


Nan yon piblikasyon Kòlòs yo sòti, ekip kayen an anonse depa milye tèren yo Germeille ki rejwenn klèb Violette AC a, aprè plizyè ane li fè ap jwe sou koulè America. Direksyon klèb la fè konnen yo regrèt depa bèl jèn talan sa ki ale pouswiv rèv li ak Tig yo.

Nan piblikasyon ekip kayen an fè pou salye ale ansyen kapitèn lan nan klèb chanpyon seri ouvèti a, yo fè konnen "se avèk anpil regrè y ap enfòme laprès espòtif, fanatik yo ak gran piblik la, depa milye tèren yo Stevenson Germeille ki rejwenn klèb Violette AC a.

Jwè a t ap chèche yon nouvo defi apre plizyè sezon l pase sou koulè klèb America a".

Yo kontinye pou di, direksyon klèb la remèsye Steevenso Germeille pou pwofesyonalis li, angajman l, travay li e sitou regilarite li depi plizyè lane. Yo swete li menm ak tout fanmi li tout sak meyè nan nouvo etap sa li pral konnen nan moman karyè foutbòl li ak nan lavi l.

Aprè tout tan jwè a pase anndan klèb vil Okay la, se moman pou l fè yon lòt eksperyans kote li pral evolye sou koulè chanpyon seri ouvèti chanpyona nasyonal la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou