AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Alexandre Pierre kontinye avèk seri gwo pèfòmans li yo pou Sochaux

imaj atik la

31 Janvye 2026   Jacky Chéry   1378

Gadyen entènasyonal ayisyen an ap konnen youn nan pi bon moman nan karyè li depi lè li kòmanse jwe pwofesyonèl. Nan okazyon 19èm jounen chanpyona twazyèm divizyon Lafrans lan, Alexandre Pierre reyisi pote Sochaux ki fè match nil 1-1 kont FC Rouen.


Grenadye an ki te titilè anba kan an, kontinye montre pwogresyon ak matirite li nan jwèt lan. Alexandre Pierre jwe yon gwo wòl nan match sa ki jwe jodi vandredi an kote Sochaux reyisi sove yon grenn pwen enpòtan.

Grenadye an te kanpe rèd anba kan an, malgre li pran yon gòl fas ekip Rouen lan ki te egalize nan 78èm minit. FC Sochaux te byen lanse nan match lan kote yo ta pral jwenn ouvèti eskò an depi nan 27èm minit.

Gras ak seri gwo pèfòmans Alexandre Pierre yo, FC Sochaux jounen jodi a parèt kòm yon kandida solid pou monte nan dezyèm divizyon an. Aprè 19 jounen, yo okipe twazyèm plas lan avèk 31 pwen.

N ap note, gadyen ayisyen 24 lane an jwe 14 match nan National lan avèk FC Sochaux, tout kòm titilè. Nan match sa yo, Alexandre Pierre gen 7 ladan yo li pa pran gòl.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou